Kisa korona ye ak sa m ka fè pou pwoteje tèt mwen?

Kowonaviris oswa kowona se yon ti jèm (twò piti pou n wè ak je nou) ki kapab gaye epi lakoz moun malad. Sentom kowona yo sanble ak sentom grip, tankou yon tous sèk, difikilte pou respire, fyèv, ak kò fèmal. Kowona a plis afekte sistèm respiratwa a. se vre pifò nan enfeksyon yo pa danjere, men li ka lakoz nemoni (yon enfeksyon grav nan poumon yo) e li ka menm lakoz lanmò nan ka grav.

Nenpòt moun ka gen kowona. Granmoun yo ak moun ki soufri kèk lòt maladi, tankou pwoblèm respiratwa, kansè oubyen dyabèt, gen plis risk pou maladi a frape yo pi fò.

Kowona pwopaje soti nan yon moun ki enfekte sou fòm ti gout ki vole lè moun sa ap respire, touse, oubyen estènen sou lòt moun, sifas, oubyen manje. Li antre nan kò a pa mwayen bouch, nen ak je. Depi l fin antre nan kò a, li kòmanse miltipliye epi mache nan lòt pati kò a. kowona ka rete vivan nan kò moun nan jiska 14 jou avan moun nan kòmanse montre siy ke li malad. Donk yon moun ka gen viris san l pa konn sa, epi l ka mache bay lòt moun li.

Li pa posib pou w touye kowona a ak antibyotik oubyen remèd fèy. Ou ka evite kowona sèlman si w pa pran kontak avè l epi w lave men w detanzantan.

Pou w evite enfeksyon, lave men w ak savon ak dlo. Fè l menm si w men w ta sanble pwòp. Byen fwote men w ak savon anba tiyo a pandan dlo a ap koule pandan omwen 20 segonn, asire w ou netwaye anba zong ou epi pran tout do men an ak ponyèt ou. Lave men w ak savon ap touye viris ki rete nan men w. Toujou sonje lave men w avan, pandan e apre w ap fè manje, lè w soti nan twalèt avan w manje oubyen w al pran swen moun ki malad, lè w fin manyen bèt, oubyen w fin ramase poupou bèt, touse, estènen oubyen mouche nen w.

Evite manyen je w, nen w bouch ou si w poko lave men w. Men yo manyen yo anpil kote e yo ka ranmase anpil viris. Depi yo fin kontamine, men yo ka transmèt viris nan je yo, nen ak bouch. Apati kote sa a, viris la ka antre nan kò w epi fè w malad.

Li vrèman enpòtan pou n evite pran kontak kole sere ak moun ki gen fyèv, tous, ak lòt pwoblèm respiratwa. Lè w ap touse oubyen estènen, toujou bare bouch ou ak anndan koud ou oubyen ak yon sèvyè ki fèt an papye. Apre sa jete moso papye a la pou la. Pa krache an piblik.

Toujou pran distans omwen 1 mèt (3 pye) ant ou menm ak nenpòt moun k ap touse oubyen estènen. Evite rete pre moun ki gen fyèv oubyen tous.

Si w oblije pran swen moun ki gen fyèv, tous oubyen pwoblèm respiratwa, pa bliye itilize yon mas pou pwoteje w oubyen yon mas an twal, epi sak pi enpòtan an, pa bliye lave men w.

Pou w evite kowona a, li pi bon pou w pa pran kontak fizik ak lòt moun. Kowona ak lòt viris ka pwopaje lè w fin bay lanmen apre sa w al touche je w, nen w epi bouch ou. Donk lè w rankontre lòt moun, pa bay yo lamen, anbrase yo oubyen bo yo. L ap pi bon pou w salye yo de lwen tankou voye men ba yo, oubyen fè yon siy ak tèt ou. Si w sispèk gen kowona nan zòn lakay ou l ap pi bon pou w rete andan pou w evite kontak ak lòt moun.

Si w kòmanse santi w pa byen rete lakay ou, mensi se ta sentom tou piti tankou maltèt oubyen yon ti rim, jiskaske w refè. Si w ap estènen, ou gen yon tous sèk, ou gen difikilte pou w respire ak lafyèv, al nan doktè rapid paske l ka yon enfeksyon respiratwa oubyen yon lòt maladi grav.

Fo kwayans ak rimè ki gaye sou kowona ka trè danjere e li ka menm lakoz moun mouri. Pa egzanp, bwè klowòks oubyen alkòl ka fè w pi mal olye w evite kowona. Menm enfòmasyon zanmi oubyen fanmi voye ba ou ka pa kòrèk oubyen dejere. Swiv sèlman konsèy otorite sante piblik bò zòn lakay ou bay.

Ou ka ede goumen kont kowona a lè w simaye mesaj sa a. Tanpri pataje l ak zanmi w ak fanmi w, depreferans lè w itilize aplikasyon pou voye mesaj tankou WhatsApp.

Mesaj sa a soti nan Audiopedia, yon pwojè mondyal ki gen kòm deviz fè tout moun konnen sa k ap pase nan domèn lasante. Pou plis enfòmasyon ale sou www.audiopedia.org